Take a fresh look at your lifestyle.

Anivince Jean Baptiste ap tòtòt jou tankou powèm nan kaye lavi.(Bon rekòt)

Anivince Jean Baptiste ap tòtòt jou tankou powèm nan kaye lavi.(Bon rekòt)

Anivince Jean Baptiste ap tòtòt jou tankou powèm nan kaye lavi.(Bon rekòt)

Pa kite tan an anpwazonnen
tèt li tanpri
an kalifouchon nan lalwèt van an
m ap navige navige m rèdchèch
nan yanvalou lavi ak lanmò
an mòd rezon avèg
anba pwela syèl degrade
powèt la se bondye tout vil likid
k ap fè aktyalite nan fòm metafò
tèt mwen pati san gade dèyè
tout rad se dèy
tout dèy s on jou ki chire tèt li
anba latcha lenkonsyans
m pa fou
se tan an ki fè move san
ak atant mwen nan lojik kanzo papa bondye a
imòtalite powèt jwenn woulib
nan wotè jou ki annafè
manti manti w jan w santi w santi
kakas rèv radi
pa rete rabi sou pwent lannwit
si yo vle detui m
m p ap di yo anyen non grann
se pa sa yo di k ap fè lavi santi di.
Tèks : Anivince Jean Baptiste

James Fleurissaint
jamesfleurissaint1804@gmail.com

Les commentaires sont fermés.

This website uses cookies to improve your experience. We'll assume you're ok with this, but you can opt-out if you wish. Accept Read More