si nou wè mwen lwen ak lespri m
se pa fòt mwen
mwen lonnen tout londjè dèyè mòso solèy
domaj vil lan griyen dan sou mwen
zo bouke chen
mwen travèse lorizon rèv la
se byen domaj yo gentan dappiyany li
tout jefò mwen selebride
nan yon konfinman zatrapnego
yon leta lave men souye atè.
Darly Renois
- Advertisement -
Confine-mots
Auteur : Darly Renois
Coord : James F & David M
Les commentaires sont fermés.