Kat jewografi ekzitans nou
ak tout letènite syèl la
tout dekachte
nan de plan men nou
Tout kalite siy aliyen alakele
nan pwent dwèt nou
ase pou nou souse
jouk nou mòde gwo pous nou
- Advertisement -
Kit se goch kit se dwat
planmen nou se gandou
san wonf san lanpatèt
lavidiran n ape chawaye
de bra balan
yon gwo gandou disèt paman
kote tousa nou ye
tousa nou reve
kaliko pyese
nan yon sèl ankè
Ant nòde ak siwa
nou vwayaje san gadò
mayilò san gade dèyè
epi san grate tèt
nou fè laviwonndede
ape rapousuiv navèt solèy
depi li leve jouk li kouche
vwayaj li fè ant de sòltis
ak faz ekinòks li
pou nou sa gade
flanbwayans zetwal di nò liminasyon zetwal dimaten toujou nan randevou
k ape reponn prezan
Kafou dan jere
kote tout bann
bay randevou
fè rasanbleman
bon bann move bann
chanpwèl san kò ni tèt
madigra mal maske
nan meleyis meleyo
bann rabòday ki pèdi bann defile rara parade drapo
nan balanse yaya
pou bèl twèl bèl koulè
Tan pèdi tan retrouve
nou louvri fèmen planmen nou
lè nou vle jan nou vle
pou nou pa ni wè ni gade
liminasyon lapousiyè balize
k ape blazing lenfini
nan de nawè nou
Plan men nou se vèvè
Yon gwo milokan tou trase
ofiramezi n ape danse
k ape efase anba pye nou anvan menm nou rive
jwenn kote tobout fè kwen
Yon gwo pis aterisaj
pou vizib ak envizib fè ladesant
nan vwayaj astral sideral
kote mèt tèt pran jòf
bay jòf demen miyò
oubyen avyon areyaksyon
depasay dechalbore sakreman lesyèl beni
soupoudre madichon madichon sou sentnitouch lavi twa fwa sen
Nou pito rete ape konte zetwal filant grenn pa grenn
k ape kase koub silans alatik
kouri chache kachèt
pou rèv yo trepase
nan trankilite lespri
Anprent ki sèvi
ni devan lajistis lezòm
ni pou louvri pasay
tout dimansyon
nan mayetis selès
Planmen nou se grèp
sant chalerin bajoukase
lodè louvri douvanjou
tan jou bare
kafe nou koule ak ma
nan kourandè lè endiy
Planmen nou se jouda
ki fè nou wè sa nou ye
gade tou sa nou fè
tout sa nou pa ta vle moun
ni wè ni tande
transparans vitrin
ki siprime titès nou
donezon lanmou anvan laj
ladouskivyen anfendèfen
n ape dòmi reve je klè
wout riyèl an pèdisyon
nou trikote an pwennkwa
posesyon chemennkwa
ki travèse titès nou an rafal epi grandèt nou an dyagonal
n ape pote klopi klopan
afeksyon pakoti
nou machande o jistepri
grenn jounen ajantri ki pèdi fayans men pòk pòte
ki tonbe atè plat la
epi e ti non tifi sa a
refren fidèl nan lòlòj nou
ti kò fanm sa a pligèdès
depi tout tan sa a
ki rete entak nan memwa kouvreli nou an
Confine-mots
Tèks: Manno Ejèn
Coord: David Mezy/James Fleurissaint
Les commentaires sont fermés.