
Nan ton ti VidéoCall
12 Minit 37 Segond
Nan kafou Danj-erew
Teknoloji a trennen m anba ti vant ou
Epim pran man kout poud chanm ou
Kò nou pran pale pawòl andaki
- Advertisement -
Ou Kaptem tankou tchovi twa teklame
Ou jis gade ou wèm Kòtouni
Ou pran di m parabòl
Fwa sa m resi pa anvi konprann
Kabann ki pou banm eksplikasyon
Alo…
Alo Chéri ou pa wém ?
Sinyal la fèb
Fon ti Woule tetew
M poko swete w pale klè cheri
Kite kòn wouze avan
Nan konfinman sa
Kote tout tanta anfouraye
Se pou w kontinye pale
Pale jou k silans jwenn bout ou
Pale jou k alsiyis nou Reveye moun sou Katye a
Pale pawòl tafyatè poko pale
Sevre se PA-WÒL ou
Men n pat ka anpeche kòn pale PAWÒL cheri
Kevin Pierre
Les commentaires sont fermés.