
Vil yo
Sanble tèt koupe
Ak rèv ki jouke baboukèt
Inyorans lèzòm
Kretyen pa melanje rev yo
Vodouyizan pa melanje rev yo
Nan pigatwa lespwa
bouch ap kabicha
Zobop pran koudeta
Nan pèdi tan karese foli
Leta fou pou pouvwa
Pouvwa kase fèy kouvri sa
Chanjman an mouri nan liy
Zansèt Kòdonye fè revolisyon
Pitit li vle mache san soulye
Van an soufle
Van an mòde tankou chen
Move zè pè lari
Pa jis
Pa plis
Nou tout se pay.
Nan yon sel laye
Sosyete dwe konte sou li .
Nou tout se rèv bak boujonen
Menm si nap bougonnen
Kaboulay deta
Eskonbrit espirityèl
Yo tout se mekanis
Pou distrè lepèp nan met grif li
Pou defann tèt li .
Epi si leta te leta
Li ta dwe komanse kalkile
Kombyen gouyad kap bay
Yon ti bebe
Konbyen bebe ki pwal bay
Yon nasyon
Ann lave men nou cheri
Demen solèy ap sèvi n gridap
Poul klere gouyad
Poun mare souf nou
Wesner Boobah
Les commentaires sont fermés.