Mendy Will se yon Prodiktè Mizikal, rapè Ayisyen, k’ap evolye nan Rap Kreyòl an n ayiti, li kòmanse fè rap nan Lane 2007 nan Real – G ki se te premye entegrasyon gwoup Mizikal li men domaj bagay yo pa t’ mache jan l’ te espere swit ak plizyè pwoblèm.
Mendy Willl gen yon pwodiksyon ki gen non (GDP Music Group) ki pwodwi plizyè atis e k’ap frape ak yon pakèt lòt atis, li se yon atis ki jwe plizyè kote nan Pòtoprens e li fè mizik ak anpil gran atis Tankou: Franco Love, Tony Mix, Shassy, Izolan, T-Joe Zenny, Dug G, P-Jay, Willy Black Ect…
Nan lane 2015 li te antre nan estidyo pou lapremyè fwa pou anrejistre “ What’s My Name “ aprè yon mwa li sòti remix lan an kolaborasyon Tony Mix , Shassy , Jhon-Bob.
Nan Mache chèche Safety Promo tonbe sou talan sa a epi nou Prezante w’ li, So an nou li ansanm konvèsasyon Safety Promo ak Mendy Will
Safety Promo : Atis Sakap fèt?
Mendy Will: Bonjou TKP, Bonjou Ayiti, avan tout bagay n’ap salye kouraj ou gen pou fè bèl djòb sa
Safety Promo : Oke atis TKP Remèsye w’ tou pou efò w’ tou, yeah! Mendy ki vrè non ou? pale nou byen kiyès Mendy Will la?
Mendy Will: Mwen se Meant William non atis mwen se Mendy Will mwen se yon Rapè, Prodiktè Mizikal yon pwodiksyon ki gen anpil lot atis divès blòk k’ap frape avèm’. mwen kòmanse nan mouvman sa yo depi nan lane 2007 alepòk mwen te nan yon gwoup rap ki te rele Real – G, gwoup sa ki pa ekziste ankò chak sòlda fè chemen yo, epi Mendy Will rete ap fwape nan GDP Music Group ki baze Kafou.
Safety Promo : Apre Mizik ki sa ou fè?
Mendy Will: Aprè mizik mwen se Biznisman Antreprenè Epi Mwen travay pou youn nan pi gwo konpayi ki nan peyi a.
Safety Promo: Konbyen Mizik ou sòti seja?
Mendy Will: Mwen gen plis ke 12 mizik e aktyèlman m’ toujou ap travay
Safety Promo : Eske w gen albòm an preparsyon oubyen Mikstep?
Mendy Will: Mwen t’ap travay yon Mikstep ki apènn fini Men A koz problèm Peyi a Mwen Antijan kanpe men k’ap sòti trè byento
Safety Promo : Depi kilè w’ pasyone de rap?
Mendy Will: Mwen renmen e ap tande hip hop depi le Master Dji, Mwen te konn tande 2pac avek biggy tou
Safety Promo : Ki jan de mizik ou fè menm?
Mendy Will: Mwen fè tout estil de rap Beef, Love, Social, etsetera.
Safety Promo : oke Mendy Will ekip Safety Promo an remèsye w’ paske w te akòde nou entevyou sila, mèsi ankò yon lòt fwa
Les commentaires sont fermés.