Take a fresh look at your lifestyle.

Komès pwodwi pou blanchi po sou intènèt marande ak diskriminasyon rasyal

Komès pwodwi pou blanchi po sou intènèt marande ak diskriminasyon rasyal.

Komès pwodwi Apre plizyè syèk batay kont sipremasis, segregasyonis, gen anpil viktwa men estrateji nan kan advèsè yo chanje figi chak jou, li sikolojik, espirityèl, ekonomik.

San nou pa founi je gade, depi kèk tan gen yon fenomèn komèsyal kap deplòtonnen men kap zonyen ti kal pa ti kal, sa nou kapab rele estim yon moun genyen pou tèt li, pou koulè li, pou moun ki gen menm koulè po avèl.

Pèsonalite piblik, atis, oubyen sila ki pwofite itilize odyans yo sou intènèt pou yo malerezman fè yon vyolans ki pa gen mezi sou sila ki pa gen yon elevasyon konsyans pou wè tout ensidans aksyon sila kap genyen sou fason nou wè tèt nou, diferans nou.

Li difisil pou yon moun al sou Facebook oubyen yon lòt rezo yon jou pou ou pa wè tanzantan yon machann krèm oubyen, lòt estrateji blanchiman po kap fè piblisite pou konvenk jenn ak mwen jenn sou enpòtans blanchiman po.

San nou pa antre nan lojik yon jijman an profondè sou sistèm kapitalis aktyèl ki kapab rann mantalite yo plis esklav lajan pase yon bann valè ki fè yon moun gen plis pri nan je sosyete a, ni tout batay ki mennen pou dwa sivik nwa yo nan kèk peyi.

Batay afro ameriken pou desitire sistèm segregasyonis, pwofilaj rasyal pote ale anpil konbatan men non yo rete nan listwa nan mitan sila ki jounen jodi a fè plis moun gen dwa nan anpil kote moun ap viv sou latè.
Ki batay nou dwe mennen jounen jodi a pou sosyete a konprann sans tout batay sila yo ?
Ki wòl medya yo ?
Èske pwofi finansye dwe ranplase gwo chay pwoblèm sante piblik sila, lè nou konnen risk sanitè ki marinen ak pwodwi sa yo moun yo ap itilize yo anpil anpil tou.

James fleurissaint
jamesfleurissaint1804@gmail.com

Les commentaires sont fermés.

This website uses cookies to improve your experience. We'll assume you're ok with this, but you can opt-out if you wish. Accept Read More