Pòdkas la se yon fichye odyo ou ka telechaje pouw tande kote lide w di w.
Anpil gwo medya sou latè itilizel ,tankou RFI, RFO, elatriye.
Bonswa Jeff ,kouman ou ye ?
Nou anfòm gras ak Bondye, tout bagay ap mache byen pou kounya aprè twa mwa preske toutkote fèmen.
Nou kontan lavi a rekòmanse menmsi se ti pa ti pa .
- Advertisement -
Eksplike nou kisa konvèsasyon itil ye ?
Konvèzasyon se yon pòdkas edikatif ki debat tout sijè tankou sosyete , politik , teknoloji , lasante , mizik , kilti, relasyon , biznis, ak anpil lot sijè ki konsekan .
Kisa ki objektif lide sa ?
- Advertisement -
Objektif pòdkas sa se aprann Kominote nou an plis bagay , nan plizyè domèn epi nan lang yo , epi pataje eksperyans pesonèl mwen ak eksperyans lòt moun.
Kote lide sila soti ?
Ofisyèlman pòdkas la kreye nan mwa me me a e li pibliye premye nimewo a apati 10 jen 2020
Ak konesans mwen genyen m te wè li nòmal pou m pataje l ak lot.
Se yon nan rezon ki fè m lanse pòdkas sa pou ede lòt moun konpran plis sou kèk sijè.
Ki dènye pawòl ou vle di piblik la ?
Konvèsasyon Itil se chak semèn sou tout platfòm Apple Podcast , Spotify , Google Podcast , Tunein Radio
Si yon Moun ta renmen patisipe, sijere oubyen sipòte nou ekri nou nan [email protected] oubyen swiv @konvesasyonitil tout kote..
James Fleurissaint
[email protected]
Les commentaires sont fermés.