Take a fresh look at your lifestyle.

Yon kout chapo pou CHAPO

Nan okazyon dat 28 oktòb 2023 a, pami tout aktivite ki make jounen sa a anpil kote nan mond lan, nan vil Strasbourg nan peyi Lafrans, KOZE KREYOL te reponn prezan. Aktivite sa a ki te òganize anba kouvèti Asosiyasyon Chapo, pran jounen pou refechi sou lang ak kilti kreyòl yo ak ekspoze divès kalte manje ak bwason lakay. San konte bèl animasyon mizikal ki ka reveye nanm anpi fè kò bouje. 

CHAPO se yon Asosyasyon kote misyon li se pa pou l fè lajan men travay pou ranfòse solidarite ant manm ak patisipan nan aktitivite li yo, pandan l ap itilize zouti kiltirèl yo, pou fasilite entegrasyon ak eklerasyon yo tout. Se nan sans sa a, Asosyasyon sa a ki wè jou anndan vant kominote ayisyen an kap viv nan peyi Lafrans, te òganize kokenn chenn koudjay kiltirèl sa a ki pote non « KOZE KREYOL ». 

Fòk mwen di nou, malgre lapli kite menase, lokal « Maison Citoyenne » kote aktivite a t ap fèt la, te chaje kou Legba. Espas la te menm vin twò piti pou kantite moun ak pou dimansyon aktivite a te vin pran. Orso Antonio Dorélus te entèveni sou kisa sa vle di kreyòl ak ki wòl lapawòl lakay Moris Siksto. Nan asistans lan nou te ka wè etranje tou ki te vin ranmase koze sou Moris ak fete lang ak kilti kreyòl yo. 

Tout pawoli a te dewoule nan lang kreyòl. « Se te yon chwa n te fè pou konferans lan te fèt nan lang kreyòl, sa rantre nan demach nou, pou n ankouraje plis deba ak evènman serye fèt nan lang kreyòl la menm jan yo ka fèt nan nenpòt lòt lang. Chwazi fè deba nan lang fransè nan jounen kreyòl la t ap parèt enkoyeran», se repons Jean Jacques Noel Jean ki se te Majòdyòl bat bouch la anpi kowòdonatè komisyon ki t ap òganize aktivite sila. Nou kapab konprann demach sa a trennen kesyon idantitè. Sa vle di li lè, li tan, pou Ayisyen an pa pè ni wont di kilès li ye kit l ap pale franse, kit l ap pale kreyòl oubyen nenpòt lòt lang.

Ehrhart May ki soti nan fanmi powèt Georges Castera te reponn prezan nan aktivite sila. LamyLexaso ak ekip li te entèprete «Ayiti se» Mikaben. Yon anbyans twopikal, anpil prestij ak wonm lakay, manje lakay te fè kenken. Moun yo manje vant deboutonnen! « Tropic Groov », yon bann rara ki konpoze ant Matinikè ak Gwadloupeyen, pa t sispann simaye plezi nan aktivite sila.

Mackenson Bijou

Les commentaires sont fermés.

This website uses cookies to improve your experience. We'll assume you're ok with this, but you can opt-out if you wish. Accept Read More