Take a fresh look at your lifestyle.

Zafèm: Lalin ak Solèy, yon konpozisyon klasik

Youn nan demach ki pi objektif nan abòde yon tèks ki enskri l nan fòm atizay sireyalis, se apresye l nan dimansyon fenomenolojik li. Sitou lè tout senbòl ki nan tèks la pa pèmèt nou lye yo ak entèpretan yo. Egzanp si m ta di solèy reprezante X anpi lalin reprezante Y, fòk lè n ta fè rapò ak reyalite a nou ta dwe efektivman jwenn X te reprezante solèy anpi Y te reprezante lalin.

Kidonk X ak Y trennen yon chaj senbolik ki pèmèt nou kapab konstrui yon pwopozisyon analojik ant fiksyon ak reyalite. Lè sa a, nou t ap rantre nan yon demach èmenetik ki se dekòde tèks la pou n jwenn reyalite l ap refere n nan reyèl la. 

Kidonk, tèks Lalin ak Solèy Zafèm nan, ki se non albòm nan tou (LAS), se yon tèks ki fèmen, sa vle ki èmetik. Se yon tèks ki g on dimansyon sireyalis. Sa vle di li chita anndan fiksyon anpi imaj-vè yo depaman ak konpreyansyon pwozayik monn rasyonèl la. Men tou, li enskri l anndan teknik ekriti Humbolt rele pwozopope a. Sa vle di, fè lanati pale, mete pawòl nan bouch lanati, jwe sou reyalite yo pou n kreye dimansyon pwetik lavi. Se sa tou nou twouve lakay anpil gwo powèt ansyen tankou Homère, pou lakay, nou ka site Milscent ki t ap mete pawòl nan bouch bèt yo menm jan ak La Fontaine ki te puize nan travay Esope yo. 

Se yon sèn k ap pase pandan jounen an pral leve. Sa ki ta ka fè n konprann, anndan tèks la, gen yon klasifikasyon ak separasyon ki fèt jan sa te di nan liv Jenèz la, solèy se pou klere lajounen, lalin ak zetwal se pou klere lannuit. Men espesyalis nan koze zas selès nan LANAZA tankou SARAH Noble, di se pa vre. Lalin nan alafwa pou lajounen ak lannuit. Sof pafwa lè lalin nan twò pre solèy la, limyè solèy la anpeche n wè li menm jan pou zetwal yo tou. Pou nou wè lalin nan pandan lajounen, li oblije twouve li byen wo nan syèl la anpi li pa dwe prè solèy la. E nou konnen tou lè lalin nan twouve l nan menm trajektwa ak solèy la sa pwodui eklips solèy. Sa vle di li anpeche limyè solèy la rive sou yon bon pati sou latè. 

Nan sa ki gen awè ak mitoloji yo, pou anpil pèp ansyen eklips solèy oubyen linè se siy ki anonse malè anpi ki ka deklanche panik, lapèrèz oubyen seremoni relijye oubyen tou yon lòt sik sou lavi, lòt esperans ak laj sou lavi. Yo konprann li pafwa tou tankou yon batay keseswa nan sivilizasyon oryantal oubyen loksidan. Men n ap rete lakay Maya yo, sitou yo pa twò lwen popilasyon Tayino Dener Ceide rann omaj sou albòm sa a. Yo rakonte nan mitoloji Maya yo, Jivaros ak Mayas te wè eklips yo tankou yon gè moun ki damou. Kote solèy la ap chache ini li ak lalin nan ki pa dakò. Solèy la vekse, li pousuiv lalin anpi l fwape l. Li deklanche yon eklips linè. Tan vin pase lalin aksepte anpi yo bay nesans ak premye ak lòm men sa ki pa anpeche yo toujou nan tikont  madanm ak mouche.

Nou pa gen dwa bliye tou nan mitoloji nòdik la, nou twouve estwòf powèm sa a ki make kòmansman ak fen tan an. Li enskri nan menm demach kosmogonik Dener Ceide reyalize nan konpozisyon li a. Estwòf la mete solèy (sól) ak lalin (Mâni) fas ak fas: 

«Sól répand de sud, ses faveurs sur Mâni,

À la droite de la porte du Coursier céleste.

Sól ne le savait pas où elle avait ses demeures,

Les Étoiles ne le savaient pas où elles avaient leurs places,

Mâni ne le savait pas quel était son pouvoir.»

San bliye nan lòt lejann yo montre solèy ak lalin te fèt pou viv ansanm, men piske chak solèy leve lalin al dòmi sa te vin parèt enposib. Se konsa bondye te kreye fenomèn eklips la pou montre pa gen lanmou ki enposib. Kidonk bondye te fè yo kontre pou lanmou yo kapab posib

Eske se nan mitoloji Maya yo konpozitè a ta va enspire? Nou pa ka afime anyen. Men nou kapab di gen eleman ki nan rakontay Dener a nou twouve nan mit sila kote li di « tan an make lanmou ak lamitye». Lalin ak solèy te antann yo nan non lanmou pou bay lavi. Anpi jan pawòl popilè a di lamitye ak lanmou se marasa. E nou jwenn menm detay lanmou, eklips nan lòt mitoloji yo tou sitou nan sa ki di bondye fè eklips pou yo te ka kontre. Nou ta ka di Dener puize nan plizyè mitoloji pou konstrui sijè li oubyen li rantre nan menm demach ak mitoloji sa yo pou l kontrui èv atistik li. Nan yon demach analojik, si pèp pase yo te itilize solèy ak lalin pou pale nesans sivilizasyon yo, menm si Dener Ceide pa mansyone eklips, li  itilize lalin ak solèy pou pale nesans djaz li, nesans albòm mizikal li. Eske n gen dwa bliye tou nan sivilizasyon ansyen yo menm jounen jodi a, chak fwa ekplis fèt, se gwo espektak pou moun sou latè founi je  gade ak pale tout pawòl gòj deplwaye oubyen nan mouchwa…?

Nan menm rejis mitolojik la, se imajoloji k ap kreye. Se fiksyon k ap fèt. Se yon tèks ki pa gen yon finalite pratik men se jis yon tèks k ap jwe ak eleman natirèl yo, reyalite yo pou kreye plezi sansoryèl. Si anpil fwa se ak bèt nou konn fè pwozopope yo, enben konpozitè mizik sa a deside fè l ak zas yo. Li mete zas yo an sèn. Nan sans sa a, li tou degaje yon estetik animis. Sa vle di, li bay eleman sa yo karakteristik lòm. Sèn sa a li kreye a, kote l mete solèy la, lalin, zetwal, bondye, lèzòm, zanimo yo, se siy amonizasyon, relasyon ki genyen nan mitan yo. Suivan lespri tèks la, lalin nan se plezi l ap pran men se pa pou l deranje solèy la. E solèy la dakò tou. Se yon antant ki fèt pou lavi kapab toujou bèl. Paske tou de pote limyè. 

Yon nonm tankou Jak Estefen Aleksi t ap rele demach sa a prestidijitasyon atistik oubyen pederasi estetik. Sa vle di kisa? Dener Ceide ap kreye ilizyon atistik. L ap fè jwèt tematik, jwèt son, jwèt fòm, jwèt reyalite pou montre ladrès atistik li. Li kreye yon son(vèbal ak odyo) ki fè sans nan pran reyalite li konnen yo, sa k nan anviwonman li, sa ki parèt matyè ak nominasyon pou li,  pou li kreye lòt reyalite ki pa depaman ak kondisyon egzistans lòm, bèt yo pou pi senp legzistans. Se sa ki fè l vin yon kreyatè apredye paske l ap kreye listwa, l ap kreye monn paralèl anndan menm monn l ap viv la. Nan yon sans dezi kreyatè li  pa pèmèt li rete san l pa pale ak lanati a ak san l pa fè lanati  pale. Anpi tout eleman ki anndan rakontay sa a, fòme yon tablo kote yo tout lye anpi dimansyon metafizik listwa a fòme yon tou, yon ansanm kote youn pa ka egziste san lòt. 

Se pou sa n kapab di, tèks sila gen karakteristik yon timoun otis. Li fèmen sou limenm pou l rakonte pwòp pawol li, pou l viv pwòp pawòl li ak reyalite li, pwòp konsepsyon li. L ap jwi pwòp tèt pa li, pwòp ekwasyon vital li. Noumenm sa n dwe fè se rete gade, se rete tande, jwi pou sa l ye san n pa oblije ap kreye paralèl oubyen fè alizyon pou n kreye konfli. Paske anndan senografi listwa a sa n ta ka pran pou siyifye yo pa gen egzateman siyifyan yo anndan reyèl la. Lyezon an pa rive posib sof pou sila ki vle fè fantezis ak alimante polemik gratis. Tèks la anchouke anndan yon jwisans estetik ki fèmen sou limenm. Se jwi chanson an paske l se chanson anpi paske l ap pale pwòp reyalite l. Se sa yo rele apresyasyon ontolojik yon èv atizay. Byen souvan, yo di vrè jwisans estetik la, se lè yon èv atizay pèmèt nou jwi li san n pa konn ni pouki ni  kòman li, sa n pa menm konnen sa l ap rakonte. Nou jis renmen l paske n renmen l. Li sedwi fonnanm nou ak materyo metafizik ki konstitye li ki se son, amoni, melodi, tenpo, vibrasyon, enèji. 

Nou dwe konprann tou, tout èv pa oblije gen yon sans nan reyalite imedya lòm. Tout èv pa oblije gen yon entèpretan nan reyèl la. Genyen ki jis egziste paske atis la deside fè l egziste pou l jwi l oubyen pou l pretann l ap kominike ak lanati, ak sa ki nan antouraj li ak monn li. Se menm jan pou yon tablo abstrè. Men piske Dener Ceide se pa yon nonm ki pale souvan ak anpil, ki toujou g on rès pawol li pa di oubyen sere, anpi piske tout èv atizay konstrui sou fòm kominikasyon nan sans li pote fonnanm kreyatè li, nou kapab konprann konpozisyon Lalin ak Solèy tankou yon metafò ki kapab ede n sezi pèsonaj misterye sa a. Ki se Dener Ceide toujou fèmen sou limenm pou l kite entèlokitè li devine. Li toujou bezwen yon entèlokitè aktif ki kapab chache konprann sa l pa fin di yo. Dayè li te di l nan mizik Ala De ka a, «rete avèk sa w kwè a.» Viv verite w!

Boutanfen, demach sireyalis sa a, pèmèt nou konprann deboulman mantal la ki toujou ap imajine, ap transfòme reyèl la pou konstrui rèv, konstrui fenomèn. Si moun kapab reyini pou kreye listwa, nati a kapab fè l tou ak lòt eleman ki ladan l yo. Se yon konsyans atistik blasfèmatwa. Men se te toujou wòl tout powèt ki se pran lanati daso, pran eleman yo ba yo fòm ak langaj yo vle, trangrese yo anndan yon demach pèsonifikasyon pou yo ka pi byen fikse yo nan legzistans. Lalin ak solèy ki sa w pi pito? Pran tou de paske linyon yo bay lavi, lespwa… bay Zafèm. 

Orso Antonio DORELUS

Les commentaires sont fermés.

This website uses cookies to improve your experience. We'll assume you're ok with this, but you can opt-out if you wish. Accept Read More