Take a fresh look at your lifestyle.

Vayb, Zenglen, New York All stars : Metafò file

Si toufwa nou asiste ak kèk konpozisyon nan mizik ayisyen an sitou Konpa, ki pa gen dimansyon powetik, gen lòt ki genyen. Nou kapab twouve li nan konstriksyon vè yo, oubyen tèks la fòme yon blòk pwezi nan sans kote tout vè yo trennen li nan yon dinamik imajoloji. Oubyen tou nou kapab jwenn li anndan yon figi estil oubyen retorik ki anglobe tout tèks la pou ba li demach powetizasyon an pandan l pa sispann kreye imaj, kreye metamòforizasyon ak metafòrizasyon anndan figi estil ki trennen preteks kreyasyon an.

Figi retorik sa a li pa lòt se metafò file. Limenm ki se yon figi estil kote l ankre nan yon fòmil ipèbolik, ki pèmèt nou suivan yon demach analojik konpare de eleman ki pa menm nan lide pou n kreye ekspresivite. Pou n bay kreyasyon an fòs pou l sedui ak konvenk. S on demach analojik pou n kreye rapò nan lide pou n bay nesans ak lòt sans anndan vivasyon nou. Kreye langaj pou n bay nesans lòt kominikasyon. 

Se sa n jwenn lakay Zenglen nan konpozisyon Painting of a woman (Yon tablo) ki sou dènye albòm yo a ki rele Bravo(2022) ak Vayb nan mizik Mayday(2023) ki se alafwa tit albòm nan tou. E menm demach kreyatif sa a tou, nou jwenn li lakay yon gwoup Konpa ki te rele New york All stars nan yon mizik ki rele Tibato(1998). Nou ta ka menm ajoute kèk mizik Zenglen ki rele 5 kontinan ak Fich bòlèt…

Nan mizik Painting of a woman nan, se yon konpozisyon k ap devlope yon estetik santimantal. Konpozitè a konpare yon fi ak yon tablo. Yon tablo tout moun ta renmen wè ak genyen. Tout elòj sa yo, se pou l sedwi fi a, se kreye langaj pou l chame fi a. Se tankou Nickenson Prud’homme ki di w nan yon mizik: «pou bote te ka egziste men se ou yo te kopye l».

Konpozitè a ki se Jean Brutus Derissaint, montre se yon pent ki nan atelye li k ap penn tablo sa a, k ap penn imaj yon fanm nan. L ap penn yon fanm ideyal, yon fanm kote se sèlman limenm ki kapab jwi l pandan l ap fè l bay lòt mesye ak medam yo filalang. S on konpozisyon tou ki g on dimasyon ewotik. Pilsyon sekyèl ki abite pent lan ak tablo li sitou ak penso li pèmèt li ap jwi pwòp reyalizasyon li: «Adam pa t ka pa sede».  Anfen, se pa yon tablo men se yon fanm li reprezante, yon gason ap dekri pou fason li bèl ak gen elegans. Men lanmou pa sèlman gangans, rèv, chamantiz, li gen dram ladan l tou. Se sa nou jwenn nan konpozisyon Vayb la.

Nan sa ki gen awè ak konpozisyon Vayb la, konpozitè a pran imaj yon avyon ki fè krach pou eksplike yon relasyon lanmou ki kraze. S on amoure k ap pleyen sò li pou patnè li ede l sove relasyon an. Konpozitè a itilize menm leksik oubyen ekspresyon nan domèn avyasyon an pou l rakonte detrès santimantal li: mayday, tour de contrôle, SOS, réacteur, ailes, plane, commande, elatriye. Menm si aprè konpozitè a vin louvri tèks la pou montre ki sa l ap pale menm jan ak konpozitè Zenglen an.

Pwosesis konstriktif metafò file a enteresan, li montre kapasite mesye yo pou yo kreye pwezi anndan yon fòmil analojik oubyen matematik-literè. Yo mete reyalite kontrè yo an rapò pou yo rive jwenn finalite estetik y ap bouske a. Dayè Jokobson di l: «pwezi se ekspresyon langaj la nan fonksyon estetik li.»

Men lè n rive nan mizik New York All Stars la, Tibato, nou nan yon lòt rejis men se menm demach metafò file a k ap rapousuiv. Se kote konpozitè a pran yon bato pou l reprezante lavi ak tout sa ki karakterize l. Se yon tèks ki g on dimansyon filozofik. S on tèks k ap reflechi sou lavi nan di menm jan ak Franketienne «lavi pa yon liy dwat men se espiral.», ap toujou gen difikilte men se mete kouraj pou n atenn objektif nou. Nan senografi tèks la nou kapab wè se yon papa k ap eksplike piti li kisa lavi ye. Papa a pran imaj yon bato ki sou lanmè pou reprezante lavi, pou kreye analoji a. Tout sa se fwi imajinasyon k ap kreye reyalite pou n pi byen rakonte lavi.

Boutanfen, nou kapab di anndan tèks yo gen anpil lòt figi retorik kote wòl yo se pou ajoute nan dimansyon bèlteyis èv yo. Men misyon nou te bay tèt nou ak twa konpozisyon sa yo se montre dimansyon metafò file k ap degaje a pou kreye sans pwetik, pou konvenk, kreye plezi ak jwisans anpi kapasite mesye yo genyen pou yo sòti nan reprezantasyon tradisyonèl yo, pou melanje siy yo ak senbòl yo pou kreye kominikasyon sou lòt fòm anndan anviwonman yo abite a. 

Orso Antonio DORELUS

Les commentaires sont fermés.

This website uses cookies to improve your experience. We'll assume you're ok with this, but you can opt-out if you wish. Accept Read More